Haitian Creole Bible

1 Chronicles 8

1 Chronicles

Return to Index

Chapter 9

1

¶ Se konsa yo te make non tout moun pep Izrayèl yo dapre fanmi yo nan liv wa Izrayèl yo. Yo te depòte moun peyi Jida yo lavil Babilòn paske yo pa t' fè volonte Bondye.

2

Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan.

3

Se lavil Jerizalèm moun nan branch fanmi Jida, moun nan branch fanmi Benjamen, moun nan branch fanmi Efrayim ak moun nan branch fanmi Manase, yo tout al rete.

4

Nan moun Jida yo te gen Outayi, pitit gason Amiyoud. Amiyoub sa a te pitit Omri, Omri te pitit Imri, Imri te pitit gason Bani, Bani te soti nan fanmi Perèz, pitit Jida.

5

Nan fanmi Chela a te gen Asaja ki te chèf fanmi an.

6

Nan fanmi Zerak la te gen Jeoujèl ki te chèf fanmi an. Sa te fè antou sisankatrevendis (690) moun nan fanmi Jida a ki te rete lavil Jerizalèm.

7

Nan moun fanmi Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam, ki te pitit gason Odavya, ki li menm te pitit gason Asenwa.

8

Te gen Jibneja, pitit gason Jeworam, Ela, pitit gason Ouzi, pitit pitit Mikri, ak Mechoulam, pitit Chepatya, ki te pitit Reouyèl, pitit pitit Jibniya.

9

Sa te fè antou nèfsansenkannsis (956) moun nan fanmi Benjamen an ki te rete lavil Jerizalèm. Yo tout te chèf fanmi yo.

10

Men prèt ki t'ap viv nan lavil la. Te gen Jedaja, Jeojarib, Jaken,

11

Azarya, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Achitoub. Se li menm Achitoub sa a ki te chèf nan tanp Bondye a.

12

Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime.

13

Prèt sa yo ak fanmi yo te fè antou milsètsanswasant (1.760) moun ki te chèf fanmi, vanyan gason ki te bon pou sèvis kay Bondye a.

14

¶ Men moun Levi ki te rete nan lavil la. Te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, nan branch fanmi Merari a.

15

Te gen Bakbaka, Erès, Galal ak Matanya. Matanya sa a te pitit Mika. Mika te pitit Zikri, Zikri li menm te pitit Asaf.

16

Te gen Obadya, pitit Chemaya. Chemaya sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun. Pou fini, te gen Berekya, pitit Asa, ki te pitit Elkana ki te rete nan ti bouk moun Netofa yo.

17

Men gad ki t'ap fè pòs nan pòtay Tanp lan. Se te Chaloum, Akoub, Talmon, Akiman ak lòt fanmi yo. Se Chaloum ki te chèf yo.

18

Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo.

19

Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l' anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Seyè a.

20

Yon lè se Fineas, pitit Eleaza a, ki te chèf yo. Seyè a te toujou kanpe avè l'.

21

Zakari, pitit Mechelemya, te gad nan pòtay Tant Randevou a tou.

22

Antou te gen desandouz (212) gason yo te chwazi pou fè pòs nan pòtay tanp lan, dapre liv rejis fanmi yo nan ti bouk kote yo moun. Se wa David ak pwofèt Samyèl ki te bay zansèt yo reskonsablite sa a pou tout tan.

23

Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a.

24

Te gen kat pòtay ki te bay sou kat bòn direksyon yo: lès, lwès, nò ak sid. Pou chak pòtay te gen yon chèf gad.

25

Fanmi yo ki te rete nan ti bouk yo te vin ede yo nan travay la pandan sèt jou, yonn apre lòt.

26

Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan.

27

Yo te rete pase nwit yo toupre Tanp lan, paske se yo ki te reskonsab veye l'. Lèfini, chak maten se yo ki pou te louvri pòtay yo.

28

Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout veso yo sèvi pou fè seremoni yo. Se pou yo te kontwole yo ni anvan ni apre chak seremoni yo.

29

Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout rès bagay ki te nan Tanp lan ansanm ak farin frans, diven, lwil oliv, lansan ak odè yo.

30

Men, se prèt yo ki te reskonsab pare odè yo.

31

Se yon moun Levi yo te rele Matitya, premye pitit Chaloum nan fanmi Kore a, ki te toujou reskonsab fè gato pou ofrann yo.

32

Lòt moun Levi nan fanmi Keyat la te reskonsab pare pen pou yo te mete chak jou repo nan Tanp lan.

33

Genyen nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t' gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t'ap fè travay yo.

34

Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm.

35

¶ Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka.

36

Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Baal, Nè, Nadak,

37

Gedò, Akio, Zèkè ak Miklòt.

38

Se Miklòt sa a ki te papa Chimeam. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo.

39

Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.

40

Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.

41

Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz.

42

Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza.

43

Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl.

44

Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokewou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan, Se non pitit gason Azèl yo sa.

1 Chronicles 10

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: