Haitian Creole Bible

1 Samuel 19

1 Samuel

Return to Index

Chapter 20

1

¶ David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa?

2

Jonatan reponn li: -Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m' pa fè anyen san li pa di m'. Pa gen rezon pou l' ta kache m' sa. Se pa vre, monchè!

3

Men David sèmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kè l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fè a pou sa pa fè l' lapenn. M'ap fè ou sèman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.

4

Jonatan di l': -Sa ou vle m' fè pou ou!

5

David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè.

6

Si papa ou wè mwen pa la epi li mande pou mwen, w'a di l' mwen te mande ou pèmisyon pou m' kouri rive lakay mwen, lavil Betleyèm, paske se lè pou yo fè sèvis ofrann bèt pou yo fè chak lanne pou tout fanmi mwen.

7

Si li di li dakò, w'a konnen mwen sove. Men, si li fè kolè, w'a konnen li soti vre pou li touye m'.

8

Tanpri, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap mande ou yon favè, paske se Seyè a, Bondye menm, ki te fè ou mare zanmi avè m'. Pa kite anyen rive m'. Si m' antò, se ou menm ki pou touye m'. Pa kite m' rive devan papa ou!

9

¶ Jonatan di li: -Wete sa nan lide ou, monchè! Si mwen vin konnen papa m' soti vre pou touye ou, m'ap avèti ou!

10

David di li: -Ki moun ki va fè m' konnen si papa ou reponn ou mal?

11

Jonatan di li: -Ann al deyò nan jaden yo. Epi yo tou de soti, y' al nan jaden yo.

12

Lèfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen ankenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou.

13

Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Seyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m'.

14

Bon, koulye a menm, si lè sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m' devan Bondye a. Pa lage m'.

15

Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Seyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè,

16

piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l', se pou Bondye pini ou.

17

Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l', paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li.

18

Apre sa, Jonatan di David: -Denmen se fèt lalin nouvèl la, y'ap wè ou pa la, paske plas ou ap rete vid.

19

Apre denmen y'ap wè ou pa la menm. Lè sa a, w'a desann, w'a ale kote ou te kache dènye fwa a. W'a rete kache dèyè pil wòch Ezèl la.

20

Mwen menm, m'a tire twa flèch nan direksyon pil wòch la, tankou se pil wòch la menm m'ap vize.

21

Lèfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l' al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l': Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gen tan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Seyè a, anyen p'ap rive ou.

22

Men, si mwen di domestik la: flèch yo tonbe bò lòt bò, yo depase kote ou ye a, leve met deyò, paske se Seyè a menm k'ap voye ou ale.

23

Pou pwomès nou fè yonn bay lòt la, Seyè a ap fè n'ap kenbe l' pou tout tan.

24

¶ Se konsa David t' al kache kò li nan jaden yo. Lè fèt lalin nouvèl la rive, wa Sayil vin chita bò tab la pou l' manje.

25

Li te chita nan plas li, sou fotèy bò miray la. Jonatan te chita bò tab la tou anfas wa a. Abnè menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid.

26

Jou sa a, Sayil pa t' di anyen, paske li t'ap di nan kè l': Se yon bagay ki dwe rive l'. Li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Sèten, li pa nan kondisyon vre pou l' sèvi Bondye.

27

Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a?

28

Jonatan reponn li: -Li te mande m' pèmisyon pou l' al lavil Betleyèm.

29

Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a.

30

Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!

31

Men, m' fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri.

32

Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fè?

33

Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre.

34

Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal.

35

¶ Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l'.

36

Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l' depase ti gason an.

37

Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l' konsa: -Flèch la pi devan an toujou!

38

Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l' tounen bay mèt li.

39

Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen.

40

Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li.

41

Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.

42

Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.

1 Samuel 21

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: